New Jersey NJ FamilyCare Jwenn yon founisè oswa famasi (2024)

W ap chèche sitwèb Medicaid gouvènman federal la? Gade la a nan Medicaid.gov.

Plan UnitedHealthcare Dual Complete yo

Plan yo asire nan konpayi asirans UnitedHealthcare oswa nan youn nan konpayi afilye li yo, yon òganizasyon Medicare Advantage ki gen yon kontra avèk Medicare e yon kontra avèk Pwogram Medicaid Eta a. Ou ka antre nan plan an si yo renouvle kontra plan an avèk Medicare. Plan sa a disponib pou nenpòt moun ki gen Èd Medikal nan Eta a ak Medicare. Avantaj yo, karakteristik yo ak/oswa aparèy yo varye selon plan an/zòn lan. Limit, esklizyon ak/oswa restriksyon pou rezo ka aplike. Avantaj yo, prim asirans lan ak/oswa kopeman/ko-asirans lan ka chanje nan dat 1ye janvye chak ane.

Avètisman konsènan prim

Plan Doub Bezwen Espesyal yo gen yon prim $0 pou manm ki gen Èd Siplemantè (sibvansyon pou revni ki ba).

Avètisman sou avantaj yo

Avantaj yo, karakteristik yo ak/oswa aparèy yo varye selon plan an/zòn lan. Limit, esklizyon ak/oswa restriksyon pou rezo ka aplike.

Avètisman pouLiy Dirèk Enfimyè

Pinga itilize sèvis sa a pou ka ijans oswa pou bezwen swen ijan. Nan yon ka ijans, rele 911 oswa ale nan sal ijans ki pi pre a. Enfòmasyon yo bay atravè sèvis sa a se pou rezon enfòmasyon sèlman. Enfimye/enfimyè yo pa kapab fè dyagnostik pwoblèm ni rekòmande tretman epi yo pa yon ranplasman pou swen founisè swen w lan. Enfòmasyon sou sante w rete konfidansyèl selon ekzijans lalwa. Sèvis la pa yon pwogram asirans, epitou li kapab sispann nenpòt ki lè. Liy asistans enfimyè a pa pou itilize nan ka ijans, se pou bay enfòmasyon sèlman li ye.

UnitedHealthcare Connected® pou MyCare Ohio (Plan Medicare-Medicaid)

UnitedHealthcare Connected® pou MyCare Ohio (Plan Medicare-Medicaid) se yon plan sante ki gen kontra avèk alafwa Medicare ak Medicaid Ohio pou founi avantaj toulède pwogram yo pou manm enskri yo.

UnitedHealthcare Connected® (Plan Medicare-Medicaid)

UnitedHealthcare Connected® (Plan Medicare-Medicaid) se yon plan sante ki gen kontra avèk ni Medicare ni Medicaid Texas pou founi avantaj toude pwogram yo pou manm enskri yo.

UnitedHealthcare Connected® for One Care (Plan Medicare-Medicaid)

UnitedHealthcare Connected® for One Care (Plan Medicare-Medicaid) se yon plan sante ki gen kontra avèk alafwa Medicare ak MassHealth (Medicaid) pou founi avantaj toulède pwogram yo pou manm enskri yo.

Avètisman jeneral sou avantaj UnitedHealthcare Connected®

Lis sa a pa yon lis konplè. Enfòmasyon nou bay sou avantaj yo se yon ti rezime, men se pa yon deskripsyon konplè avantaj yo. Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte plan an oswa li manyèl pou manm yo. Limit, kopeman, ak restriksyon ka aplike. Pou jwenn plis enfòmasyon, rele Sèvis Manm UnitedHealthcare Connected® oswa li Manyèl Manm UnitedHealthcare Connected® lan.

Plan UnitedHealthcare Senior Care Options (HMO SNP)

UnitedHealthcare Senior Care Options (SCO) se yon plan Swen Kowòdone ki gen yon kontra ak Medicare e yon kontra ak pwogram Medicaid Commonwealth of Massachusetts. Ou ka antre nan plan an si yo renouvle kontra plan an avèk Medicare. Plan sa a se yon pwogram volontè ki disponib pou nenpòt moun ki gen laj 65lane oswa plis epi ki kalifye pou MassHealth Standard ak Original Medicare epi ki pa gen okenn lòt Asirans sante konplè, alesepsyon Medicare. Si ou gen MassHealth Standard, men ou pa kalifye pou Original Medicare, ou ka gen posiblite kanmenm pou w kalifye pou enskri nan plan MassHealth Senior Care Option nou an epi resevwa tout avantaj MassHealth ou yo nan pwogram Senior Care Options (SCO) nou an.

Avètisman sou klasman etwal

Chak ane, Medicare evalye plan yo dapre yon sistèm klasman avèk 5-Etwal. Klasman 5-Etwal la aplike pou ane plan an 2024.

Enfòmasyon enpòtan sou founisè

Chwa a se pou ou

Nou pral ba ou enfòmasyon ki pral ede w fè chwa enfòme, tankou kalifikasyon doktè ak pwofesyonèl swen sante. Men, enfòmasyon sa a pa yon apwobasyon aptitid yon doktè oswa pwofesyonèl swen sante presizeman pou bezwen w.

Founisè yo ki disponib pa mwayen aplikasyon sa a ka pa nesesèman montre tout posiblite rezo founisè UnitedHealthcare ki gen kontra yo. Ka gen founisè oswa sèten espesyalite ki pa nan aplikasyon sa a, men ki fè pati rezo nou an. Si ou pa jwenn founisè w ap chèche a, ou ka kontakte founisè a direktèman pou verifye eta patisipasyon li nan rezo UnitedHealthcare, oswa kontakte Sèvis Kliyan nan nimewo gratis ki endike nan kat ID UnitedHealthcare ou an. Anvan ou wè nenpòt doktè, ankontan nenpòt espesyalis, nou rekòmande tou pou ou rele klinik doktè a pou verifye eta patisipasyon ak disponiblite li.

Nou te ajoute oswa retire sèten founisè rezo nan anyè nou an apre yo fin mete anyè sa a ajou. Nou pa garanti ke chak founisè ap aksepte nouvo manm toujou.

Founisè ki pa nan rezo a/ki pa gen kontra pa anba okenn obligasyon pou trete manm ki nan plan UnitedHealthcare, sof nan sitiyasyon ijans. Tanpri rele nimewo sèvis kliyan nou an oswa gade Prèv Pwoteksyon Asirans ou pou jwenn plis enfòmasyon, ki gen ladan kotizasyon nan frè ki aplike pou sèvis andeyò rezo a.

Avi sou Lwa Anfavè Ameriken Andikape

Annakò avèk egzijans Lwa 1990 Anfavè Ameriken Andikape ak Seksyon 504 nan Lwa 1973 sou Reyabilitasyon ("ADA"), Konpayi Asirans UnitedHealthcare bay aksè konplè ak egal pou sèvis kouvri yo e li pa baze sou andikap pou fè diskriminasyon nan sèvis li, pwogram, oswa aktivite li yo kont moun ki gen andikap ki kalifye.

Rekòmandasyon

Founisè rezo yo ap ede oumenm ak manm fanmi w ki kouvri yo jwenn swen ki nesesè. Doktè swen prensipal ou ka kowòdone aksè pou espesyalis yo.

Demann anyè nan fòma papye

Kopi papye anyè founisè rezo a disponib gratis pou manm yo lè yo rele nimewo telefòn sèvis kliyan ki nan do kat ID w la. Moun ki pa manm ka telechaje epi enprime rezilta rechèch yo apati anyè anliy nan.

Enfòmasyon ki pa kòrèk

Pou rapòte enfòmasyon ki pa kòrèk, voye yon imèl bayprovider_directory_invalid_issues@uhc.com. Bwat imèl sa a se pou manm yo rapòte potansyèl enfòmasyon demografik ki pa kòrèk (adrès, nimewo telefòn, elatriye) sou anyè yo ki nan fòma papye oswa elektwonik. Lè w sèvi ak bwat imèl sa a pou rapòte pwoblèm, sa pral fè yo kontakte biwo founisè a pou verifye tout done demografik anyè a, sa ki ka pran apeprè 30 jou. Moun yo kapab rapòte posiblite enfòmasyon ki pa kòrèk nan telefòn tou. Manm UnitedHealthcare yo dwe rele nimewo ki nan do kat ID yo a, epi moun ki pa manm UnitedHealthcare ka rele nan1-888-638-6613/ TTY 711, oswa itilize sèvis relè ou prefere a.

Deklarasyon pou katastwòf oswa ijans

Si ou afekte ak yon deklarasyon katastwòf oswa deklarasyon ijans Prezidan an oswa Gouvènè a bay, oswa yon anons ijans sante piblik Sekretè Sante ak Sèvis Sosyal la bay, ou gen sèten soutyen anplis aladispozisyon ou.

  • Yo dwe bay avantaj Pati A, Pati B, ak plan siplemantè Pati C nan etablisman ki pa sou kontra yo (konnen ou dwe jwenn avantaj Pati A ak Pati B yo nan etablisman sètifye Medicare yo);
  • Lè sa aplikab, egzijans referans ki limite aksè dirèk (gatekeeper) yo anile okonplè;
  • Pataj frè andeyò rezo plan an apwouve pou montan pataj frè rezo yo redwi tanporèman; epi
  • Egzijans notifikasyon 30 jou pou manm yo anile, toutotan tout chanjman yo (tankou rediksyon pataj frè ak dispans otorizasyon) benefisye manm lan.

Si CMS pa te bay yon dat finisman pou katastwòf la oswa ijans lan, plan yo ap reprann fonksyònman nòmal yo 30 jou apre premye deklarasyon an.

New Jersey NJ FamilyCare Jwenn yon founisè oswa famasi (2024)
Top Articles
Latest Posts
Article information

Author: Lilliana Bartoletti

Last Updated:

Views: 5636

Rating: 4.2 / 5 (53 voted)

Reviews: 84% of readers found this page helpful

Author information

Name: Lilliana Bartoletti

Birthday: 1999-11-18

Address: 58866 Tricia Spurs, North Melvinberg, HI 91346-3774

Phone: +50616620367928

Job: Real-Estate Liaison

Hobby: Graffiti, Astronomy, Handball, Magic, Origami, Fashion, Foreign language learning

Introduction: My name is Lilliana Bartoletti, I am a adventurous, pleasant, shiny, beautiful, handsome, zealous, tasty person who loves writing and wants to share my knowledge and understanding with you.